Twoubadou Matwouba sou chemen pwezi kreyòl
25 Oct 2023
Bò kote Tanbou - Literè, Konpayi Teyat Palto Vanyan, Twoubadou Matwouba fè pati gwoup atistik Akademi Kreyòl Ayisyen envite pou pèfòme nan kloti Mwa lang ak kilti kreyòl la k ap dewoule jedi 26 oktòb 2023 a, nan otèl Marriott, 10è pou rive midi. Alapapòt evènman sila a, nou gen plezi rankontre majòjon Twoubadou Matwouba a, Guy Marie Lafleur, pou yon ti koze defilannegiy sou gwoup la, pwojè yo genyen nan kouti, eksetera.